AYITI POLITIK :  » MWEN P AP DEMISYONE », LISZT QUITEL

Minis jistis ak sekirite piblik la, Liszt Quitel ki, daprè rezo nasyonal k ap defann dwa moun ( RNDDH) gen men l tranpe nan kidnapin ki fèt sou pastè Ferrer Michel, fè konnen li pap demisyone.

Minis jistis ak sekirite piblik la, Liszt Quitel p ap demisyone nan pòs li. « Mwen p ap demisyone. Li t ap twò fasil », daprè sa li fè konnen.

Responsab ministè lajistis la demanti, daprè sa yon medya rapòte, enfòmasyon ki ta fè kwè madanm li te gen yon relasyon ak pastè Ferer. » Madanm mwen pa gen okenn relasyon sou kote ak pastè Ferrer », pawòl mesye Liszt Quitel ki, pi lwen, fè konnen » se yon kou politik akoz yo konsidere li kòm bwa dwat Ariel Henry ».

Daprè yon lèt RNDDH ekri voye bay DCPJ, kidnapin ki fèt sou pastè Ferrer Michel la se yon vanjans. Pastè a gen yon relasyon amourez ak madan madanm minis la, Barbara

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …