AYITI/SEKIRITE : ENSTALASYON YON NOUVO ENSPEKTÈ JENERAL AN CHEF POLIS NASYONAL AN AYITI A

Minis jistis ak sekirite piblik la (MJSP), Liszt Quitel, enstale samdi 23 oktòb 2021 an, yon nouvo enspektè jeneral nan tèt la polis la, Fritz Saint Fort, li ranplase nan pòs sa Frantz Jean François.

Minis jistis la salye kouraj ansyen enspektè jeneral (PNH) la. Li pwofite fè konnen tou nan kafou peyi Dayiti ye la, kote pèsòn pa gen libète fas ak ensekirite kidnapin nan, li nesesè pou li aji rapid nan lide pou retabli la pè nan peyi a.

Fritz Saint Fort pwomèt li pral kolabore ak nouvo direktè jeneral la polis la Frantz Elbè, pou pèmèt enstitisyon an ranpli misyon li ki se pwoteje ak sèvi popilasyon ayisyèn nan, yon lò bò li mande ak otorite yo nan leta pou founi bon jan mwayen ak kòmandan an chèf(PNH) pou pèmèt misyon yo byen akonpli.

Fritz Saint-Fort ki te rantre nan (PNH) la depi nan lane 1995 franchi anpil etap avan li vin enspektè jeneral. Direktè depatmantal polis pandan de (2) fwa nan nò ak nan sid. Li te asistan direktè direksyon santral polis administrativ la.

Mèt Fritz Saint-Fort te etidye syans jiridik ,epi li fè etid lèt nan lekol nomal siperyè.

 

Marie Wanide Nencha Vernois

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …