AYITI/ ENSEKIRITE : NÈG AK ZAM TOUYE SITWAYEN SAINTIVAL ALFRED NAN OTÈL LI.

Endividi mal entansyone touye lendi 25 oktòb 2021 an Saintival Alfred nan otèl li Karyès.

Daprè enfòmasyon yo, malfra yo antre kote li te ye nan otel la, touye li anba bal. Bandi yo ki te san pitye rache li aprè li fin mouri a, yo boule otèl la epi yo kraze machin li. Fanmi li enkosolab nan moman an, yo pa konn ki sen pou yo rele aprè lanmò sitwayen sa.

Nap raple Alfred Sainval se mèt otèl kote bandi yo antre touye li a, mete dife epi al fè wout yo san pwoblèm.

 

Marie Wanide Nencha Vernois

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …