AYITI/GRÈV: FIGI LARI POU LENDI 25 OKTÒB 2021 AN.

Asosyasyon sendikal transpò an komen an te lanse yon grèv jeneral pou jounen lendi 25 ak madi 26 oktòb 2021 kont ensekirite ak rate gaz la, yon premye jounen grèv ki pran chè nan kapital la, ki paralize prèske tout aktivite komèsyal yo, eskolè ak transpò.

Nan divès kwen nan zòn metropolitèn nan gen kawotchou ki ap boule, lari a totalman blanch, gen anpil bal ki tap tire nan antre sid kapital la, zòn matisan ak kèk lot kote ankò

Plis pase yon semèn, koze gaz la vin tounen kokayin, anpil panik sou tout teritwa nasyonal la, sa ki lakoz pri machin transpò yo ak motosiklèt yo double, yon galon gaz ki te vann 210 goud pase ak yon pri diferan nan chak zòn, Sòti nan 1000 pou rive 1500G, Rezon ki lakoz sektè transpò a òganize jounen grèv sa yo pou fòse leta reyaji.

Marie Wanide Nencha Vernois

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …