AYITI/ MOUVMAN: GWO DIFE NAN YON PÒS POLIS NAN VIL ENCH

Gwo mouvman pwotestasyon òganize jounen lendi 25 oktòb 2021 an, nan Komin Ench, ki nan depatman Sant pou denonse ratman gaz la ak ensekirite a.

Bilan yo yon pòs polis ki nan antre vil Ench lan, anba gwo dife akoz yon manm nan pwotestatè yo ki resevwa yon katouch.  » Echo Jounal, ki tem diw nou pran lari a pou nou denonse ensekirite a ak ratman gaz la, konsa yon bal sòti epi vin pran jenn gason sa ki rele Rochnel, men mwen ap sètifyew bal la sòti nan mitan polisye yo ki te nan tipòs la », daprè deklarasyon youn nan temwen yo.

N ap fè remake, depi maten vil Ench ki nan depatman sant bloke pou mande ak Leta ayisyen pou pran responsabilite l pou pèmèt gaz la kapab distribiye nan tout peyi a.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …