AYITI/GRÈV: SENDIKALIS YO METE YON BOUT NAN GRÈV KI TE POTE NON  » FÈMEN PEYI A ».

Fòs sendika pou sove Ayiti ( Fossa) nan tèt kole ak yon pakèt estrikti sendikal fè konnen, a travè sendikalis Jacques Anderson Déroche, grèv ki te lanse depi lendi 25 oktòb la kont pwoblèm gaz ak ensekirite ki gen nan tout peyi a leve jounen jounen mèkredi 27 oktòb 2021 an nan lè 4è nan apremidi.

Grèv sendikalis transpò yo t ap fè pou fòse otorite yo rezoud pwoblèm gaz la ak ensekirite a rive nan bout li mèkredi 27 oktòb 2021 nan apremidi nan lè 4è .

Daprè sendikalis Jacques Anderson Desroches, dezisyon ki pran pou leve grèv la se yon desizyon ki pran nan tèt kole ak yon pakèt lòt estrikti ki te lanse grèv la. Pi lwen, sendikalis yo mande popilasyon an pou yo repran aktivite yo apati apremidi a.

N ap raple, tout aktivite te paralize nan peyi a, kote pa t tèlman gen transpò an komen, anpil pòt lekòl ak Bank komèsyal te rete fèmen pandan jounen grèv sa yo ki te kòmanse lendi 25 oktòb 2021 ki sot pase a

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …