AYITI/SEKIRITE : LAPOLIS FOUKE YON FO DOKTÈ NAN KOMIN SENMAK

Charles Sébastien, se non yon jèn gason 35 lane ki fèt nan komin Akayè, lapolis mete men nan pat kasab li jounen madi 26 oktòb 2021 an, paske li fè tèt li pase pou yon doktè.

Selon enfòmasyon yo Sébastien Charles, fè tèt li pase pou doktè, li gen abitid rantre nan lopital « Saint Nicolas » nan Senmak, pou fè akouchman ak konsilte malad yo egzeyate yo , kote li konn touche kenz mil (15 000) goud nan men malad yo pou fè travay sa yo.

kèk moun ki rekonèt fo doktè a , montre gwo dout yo gen pou mouche Sébastien Charles te chita sou ban lekòl pou aprann doktè, alòskel li rantre nan yon lopital pou li travay bay moun piki.

Obsèvatè yo poze kesyon sou direktè lopital la ?

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …