LEMONN/SÈLFI: 379 MOUN MOURI POU PITI NAN MONN LAN DEPI 2008 AKOZ SÈLFI, DAPRÈ ETID FONDASYON ESPANYÒL IO

_Yon etid Fondasyon Espanyòl IO reyalize, pibliye nan jounal « of Travel Médicine » fè konnen gen pou piti 379 moun nan monn lan, depi 2008, ki rive pèdi lavi yo akoz sèlfi._

Selon etid Fondasyon Espanyòl la ki pibliye nan yon revi medikal, sèlfi lakoz anpil moun pèdi lavi yo nan monn lan. Fenomèm sa gentan lakoz plizyè santènn moun mouri.

Daprè etid la, peyi End vini an tèt pami peyi ki gen plis moun ki mouri nan fè sèlfi yo, swa yon total 100 moun. Peyi Etazini gen 39 epi Larisi gen 33.

Nan yon lòt aspè, chèchè yo ki reyalize etid la fè konnen gen 10 kote nan monn lan ki lakoz plis moun mouri pandan yo ap fè sèlfi. Se chit Nyagara ( fwontyè ant Etazini ak Kanada), Glen Kanyon (Etazini), Chako Del Burro( Kolonbi), Pena bitch( Brezil), Chit Mlango (Kenya), Montay Oural ( Larisi), Taj Maal ak Vale Dodpatri( End), Zile de Niza Lanbongen ( Endonezi) ak Achipèl Langkwaki.

Koz prensipal lanmò yo se chit, kaskad ak falèz ki lakoz gen 216 moun mouri. Apre sa gen aksidan ki gen pou wè ak mwayen transpò( 113 ka lanmò) nwayad ( 66 ka lanmò) zamafe ak elekwokisyon ( 24 ka yo chak) e atak bèt sovaj ( 17 ka lanmò), rapòte jounal Alsace.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …