AYITI/ GAZ: NATCOM PATAJE GAZ AK DE (2) LOPITAL NAN PEYI DAYITI

Konpayi telefòn NATCOM pataje 500 galon dyezèl ak Lopital Sen Lik e Sen Damyen Taba 27 jounen vandredi 29 oktòb 2021 an, daprè yon mesaj ki poste sou kont fesbouk Konpayi telekominikasyon an.

Peyi Dayiti ap fè fas ak yon kriz gaz ki afekte yon pakèt aktivite ekonomik, antrepriz telekominikasyon e menm yon pakèt lopital ki ap fonksyone nan sosyete a. Fas ak sityasyon difisil sa lopital yo patiklyèman ap konnen, yon konpayi telefòn reyaji. Konsyan de responsabite sosyal li genyen antanke antrepriz, Natcom pataje 500 galon dyezèl ak Lopital Sen Lik e Lopital Sen Damyen jounen vandredi 29 oktòb 2021 an.

« Antanke antrepriz ki gen responsabilite sosyal, Natcom pataje 500 galon dyezèl ak Lopital Sen Lik e Sen Damyen, Taba 27 vandredi 29 oktòb », ekri nan pòs ki sou paj fesbouk konpayi telefòn nan.

Jès sa, daprè Natcom, se yon fason pou lopital yo ka kontinye bay popilasyon an sèvis malgre kriz yo.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …