AYITI/JISTIS: KOMISÈ GOUVÈNMAN PÒTOPRENS LAN MANDE REZO SOSYO FESBOUK,TWITÈ, ENSTAGRAM,YOUTOUB POU BLOKE KONT JIMMY CHERIZIER AK JOHN BUSTA.

Nouvo komisè gouvènman an, Mèt Frantz Louis Juste mande tout rezo sosyo yo pou bloke kont fesbouk, entagram, twitè ak youtoub Jimmy Cherizier alyas Babekyou, Jhon Busta ak Dorisca Robert jiska nouvè òd.

Pilwen, chèf pakè a fè konnen se paske mesye sa yo ap fè ensitasyon ak popilasyon nan jan de mesaj yo ap veyikile sou rezo sosyo yo, mesaj sa yo fè moun pè selon komisè gouvènman an.

Nap fè remake, Babekyou fè minis jistis ak sekirite piblik la e an menm tan minis enteryè ak kolektivite tèritoryal yo, Quitel Lizt kouri anba bal nan tèminal vare a.

 

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …