AYITI/REYAKSYON:  PREMYE MINIS DEFAKTO ARIEL HENRY GONFLE PONYÈT LI

Nan yon adrès ak nayson an jedi 28 oktòb 2021 nan apremidi, premye minis defakto Ariel Henry, fas ak sityasyon ensekirite, kidnapin peyi a ap fè fas la, gonfle ponyèt li nan sousi pou pale klè kou dlo kòk ak tout nèg ak zam osnon komanditè nèg ak zam ki ap simen latwoublay nan peyi a.

Alòske li pa te janm pale sa ki gen plis pase de (2) semèn, chèf primati a, jedi 28 oktòb nan aswè soti nan silans li kote li tap moutre popilasyon an li pa mare sosis li ak gang. » Gouvènman mwen ap dirije a pa nan konfyolo ak gang, nou pa nan negosye ak gang, nou pa nan biznis bay gang lajan », pawòl doktè Ariel Henry nan bat bouch li tap fè ak nasyon an.

Chef primati a ale pi lwen kote li fè konnen kijan pou yo trete nèg ak zam yo. » Vòlè se an vòlè ou trete sa. Asasen se an asasen ou trete sa. Si yo pa sispann move zak yo, se lalwa ki pou aplike kont yo », deklare premye minis defakto a, Ariel Henry anvan li afime »sèl opsyon ki gen pou bandi ak tout komanditè yo, se lanmò ou prizon, si yo pa vle chanje metye ».

Yon lòt kote, premye minis defakto a a travè adrès ak nasyon an, kontinye lonje men l bay tout lòt sektè pou yo kapab jwenn yon akò ki lajman laj pou wete peyi Dayiti nan sityasyon difisil li ye a.

 

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …