LEMONN/TEKNOLOJI : FACEBOOk PA RELE FACEBOOK ANKÒ MEN PITO « META » ,SELON ZUCKERBERG

Nan yon konferans anyèl develope rezosolyal yo jounen jedi 28 oktob 2021 an, konfondatè sosyete amerikèn nan, Mark ZUCKERBERG anonse ofisyèlman Facebook chanje non lap travay konnya sou non sa ki se « Meta »

Yon desizyon ki pran nan lide pou pote nouvote nan konstriksyon metavès yo ki se plisyè inivè ki konekte sou entènèt la, epi ensvesti 50 milyon dola ameriken pou konstwi yon inivè fiktif.

Kounya nou konsidere kòm yon antrepriz rezo sosyal, se deklarasyon patron facebook lan, li te avanse pou fè konnen ansyen non an pa reflete tout travay nap fè nan sistèm nan, men natirelman travay nou se develope teknoloji pou nou pèmèt moun konekte kelkeswa kote yo ye.

Nan yon kominike sou menm sijè a, antreprenè ameriken an fè konnen « Métaverse » pap sèlman yon platfòm pou pèmèt moun konekte men li pral pèmèt nou pataje anpil ekperyans nou pat kapab pataje nan monn fizik la tankou: fè espò ansanm , wap kapab travay lakay ou pandan wap travay nan biwo ou sou fòm vityèl, epi metavès ap pèmèt yon moun konpote li kòm se nan reyalite fizik lan, pou antèt Facebook lan Metas ap rive touche yon milya moun nan 10 zan anko yon evolisyon kap kontribye pou bay preske yon milyon moun travay.

Milyadè entènasyonal ameriken an, Mark ZUCKERBERG fè konnen non Facebook ap chanje an « Métaverse » men suis yo ap toujou rete menm.

Marie Wanide Nencha Vernois

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …