AYITI/NOFRAJ: YON TI BATO KOULE BYEN BONÈ MATEN SAMDI 30 OKTÒB 2021 AN NAN ZÒN GRAN PWENT.

Yon ti bato ki pote non Eklezyas ki fè trajè Marigo Ansapit koule byen bonè samdi 30 oktòb 2021 an nan zòn Gran pwent selon enfo nou rive jwenn.

Bato sa ki koule a lakoz plizyè moun pèdi lavi yo e ta gen sis (6) moun ki soti vivan nan dram sa pou le moman, toujou selon yon sous nou ka fè konfyans gen moun ki poko mouri nan lanmè a ki bezwen èd men akoz pa gen gaz sovtaj yo pa an mezi pou tal sove lavi kèk lòt moun ki ta nan lanmè a.

Nap raple nan yon adrès a la nasyon nan apre midi jedi 29 oktòb la, premye minis defakto te fè konnen gen gaz, men moun ap mouri nan lanmè akoz pa gen gaz.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …