AYITI/ GAZ: PWOBLÈM GAZ LA TOUJOU AP PÈSISTE NAN DEPATMAN NIP

Malgre anons otorite yo nan peyi a, pwoblèm gaz la kontinye ap pèsiste nan mitan popilasyon an, daprè konsta redaksyon Echo Jounal, maten dimanch 31 oktòb 2021 an.

Plizyè santèn sitwayen ki ap chache ti tak gaz dòmi anba yon ponp, gen lòt ki vini nan lè « 2h » nan maten pou vin bouske ti tak gaz, plizyè motosiklèt, machin ak moun ak galon yon sitiyasyon kèk sitwayen denonse, daprè yo se Leta ki pa pran responsabilite l pou rezoud pwoblèm lan.

N ap siyale, nan yon adrès ak nasyon chèf gouvènman an doktè Ariel Henry, te anonse yon selil k ap travay pou rezoud kriz gaz la, anpil obsèvatè poze kesyon kilè selil sa ap operasyonèl?

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …