LEMOND/ENSEKIRITE: 15 BLESE NAN YON TREN NAN PEYI JAPON PANDAN DEWOULMAN ELEKSYON YO

Otorite nan peyi Japon, arete jounen dimanch lan yon gason ki ponyade 15 moun nan yon tren nan vil Tokyo, nan peyi Japon ak yon kouto. Daprè sa, ajans anliy « Kyodo » rapòte.

Selon plizyè jounal nan peyi Japon, asasen an ki te nan tren nan moman plizyè santèn sitwayen japonè tap sòti vote nan eleksyon lejislatif yo jounen dimanch 31 oktòb 2021 an.

N ap siyale, nan mwa dawout pase a pou pi piti 3 atak fèt nan vil Japon, pandan tout fwa sa yo asasen yo se toujou japonè.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …