LEMONN/TEKNOLOJI: FESBOUK ELIMINE REKONESANS FASYAL SOU PLATFÒM LI AN

Fesbouk anonse jounen madi 2 novanm 2021 an, teknoloji ki te pèmèt ou idantifye yon moun a pati de imaj li oubyen yon videyo li pibliye sou fesbouk elimine, yon teknoloji ki te egziste depi nan lane 2010.

Gwoup kalifonyen an, ki se yon gwoup ki gen rapò ak zafè ekonomik fesbouk fè konnen yo ap gen pou siprime rekonesans fasyal pou plis pase 1milya itilizatè.

Yon desizyon ki va lakoz anpil nan outil moun konn itilize sou Fesbouk yo pap fonksyone ankò, pami yo lè yon moun pibliye yon foto ou byen yon videyo logarit ki pèmèt sistèm nan detèmine non itilizatè a pap fonksyone.

Fesbouk ki pote non « Meta » epi ki modifye kèk nan fonksyonalite li, pou France Huyen ki se yon enfòmatisyèn ameriken kongrè amerikèn fè konen fesbouk plis bay valè ak enterè pa li olye li ta pran anchaj enpotans itilizatè yo.

Pou fini, Enfòmatisyèn ameriken an fè konnen <<tan pou Fesbouk te nan chanje non, modifye ou byen chanje nan fonksyon li ,pito’l te pran lajan sa epi envesti li pou sekirize sistèm nan ki ta kapab pi bon pou itilizatè yo.

 

Marie Wanide Nencha Vernois

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …