AYITI/GAZ/LAPOLIS : OKENN POLISYE PA DWE ITILIZE INIFÒM LAPOLIS LA POU PRAN LIY NAN PONP GAZ YO

Nan yon nòt responsab gwoup entèvansyon Polis Nasyonal Dayiti a mete deyò, li fè konnen li entèdi pou polisye itilize inifòm Lapolis la pou pran liy nan ponp gaz yo. » Si desizyon sa pa respekte, gen sanksyon ki ka pran ».

Ayiti ap fè fas ak yon kriz gaz depi prèske yon mwa. Gaz la vin ra. Sa ki lakoz, lè yon ponp resi ap bay gaz se nan liy sekirite yo fè tout moun konnen, e menm polisye.

« Responsab gwoup entèvansyon Polis Nasyonal Dayiti (GIPNH) enfòme pèsonèl polisye yo li entèdi pou yo itilize inifòm Polis pou yo pran liy nan ponp gaz », ekri nan nòt ki mete deyò a.

Otorite nan Lapolis yo fè konnen, tout moun ki ta pase desizyon sa anba pye riske tonbe anba gwo sanksyon disiplinè.

N ap mansyone, depi lè kriz gaz la kòmanse a gen plizyè foto polisye yo pran ki nan liy nan ponp gaz. E jeneralman, foto sa yo pibliye sou rezo sosyal yo.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …