AYITI/ POLITIK : BRANCH SEKTÈ DEMOKRATIK NIP AK GWOUP « REMETE REZISTANS » MANDE PM ARIEL HENRY POU FÒME NOUVO GOUVÈNMAN AN

Nan yon konferans pou laprès jounen jedi kat (4) novanm 2021 an, manm Sektè Demokratik ak Popilè a (SDP) nan depatman Nip ak gwoup « REMETE REZISTANS » mande ak premye minis Ariel Henry, pou fòme nouvo gouvènman jan sa te siyen nan akò onz (11) septanm lan.

Youn nan manm Sektè Demokratik ak Popilè (SDP) ak « REMETE REZISTANS », Mickerlange Pierre, ki di yo pote solidarite bay ansyen senatè Nip Nenel, ki ap viktim anpil pèsekisyon nan men divès sektè k ap bare ansyen palmantè, daprè esplikasyon Mickerlange Pierre, ki pwofite raple ak premye minis Ariel Henry ke yo pa rekonèt manm gouvènman sa yo ki la se akò onz (11) septanm lan ki mete yo ansanm.

Sou bò pa li, reprezantan Sektè Peyizan nan (SDP), Ramilus Bolivar, ki denonse mawonaj premye minis Ariel Henry pou pa aplike akò onz (11) septanm lan. Ansyen delege depatmantal Sidès, ki fè konnen yo te siyen akò a se pou te kapab bese ensekirite a, fenomèn kidnapin lan, diminye grangou ki gen nan peyi a. Pilwen, kòdonatè sektè peyizan an ki menase pou pran beton an si doktè Ariel Henry pa vle aplike akò a.

N ap siyale, nan yon entèvyou youn nan lidè Sektè Demokratik ak Popilè, ansyen senatè Nenel Cassy, fè konnen nouvo gouvènman an ta dwe moute wikenn sa a.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …