ETAZINI/JISTIS : YON AMERIKEN GRASYE APRE 24 LANE LI PASE NAN PRIZON POU YON KRIM LI PA FÈ

Dontae Sharpe, yon ameriken ki kondane pou »meutre » grasye apre li pase 24 lane prizon pou yon krim li pa t fè.

Gouvènè Kawolindinò a grasye jounen vandredi 12 novanm 2021 an Dontae Sharpe apre 24 lane nan prizon alòske se pa t li menm ki te fè krim nan.

Nan lane 1995 pandan l te gen 19 lane, Dontae Sharpe te kondane pou li pase tout rès lavi li nan prizon akoz yo te akize li de lanmò Goerge Radcliffe ki, li menm, te gen 33 lane pandan yon trafik dwòg ki te mal pase.

Kondanasyon ameriken an te baze sou temwanyaj yon jenn fi 15 lane ki te afime li te wè Dontae Sharpe touye Radcliffe. Men apre, li pral fè konnen li pa t la nan moman fiziyad la avan li pral ajoute li te di sa l te di yo sou baz sa anketè yo te di l.

 » Monsye Sharpe ak tout lòt moun ki kondane enjisteman merite pou enjistis yo a vin piblik », reyaji gouvènè a nan yon kominike. Parapò ak dezisyon sa, an siy konpasyon pou prejidis li sibi a, Dontae Sharpe kapab reklame 750 000 dola ameriken, rapòte ABC NEWS.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …