LEMOND/ ELEKSYON: PREZIDAN BILGARI A ELI POU YON LÒT FWA NAN TÈT PEYI A

Prezidan peyi Bilgari a, Roumen Radev, eli pou yon lòt fwa jounen dimanch 21 novanm 2021 an, kòm nouvo prezidan Bilgari ant 63 pou rive 68%, vòt yo selon premye kontaj bilten yo.

Advèsè li Anastas Guerdjikov, ki te jwenn bourad pati politik  » conservateur Gerb », ansyen premye Boïko Borissov, fè sèlman yon pou santaj vòt sòti 31 pou rive 33%, eleksyon sa ki reyalize nan katriyèm ane manda prezidan Roumen Radev, nan moman maladi kowonaviris la ap taye banda nan peyi Bilgari.

N ap siyale, Roumen Radev, te eli nan lane 2016 kòm prezidan Bilgari, nan lane 2020 te pran pozisyon piblik pou mande demisyon premye minis Boïkov Borissov, daprè kèk obsèvatè se pozisyon sa ki ta bal ganyen nan eleksyon jounen dimanch 21 novanm 2021 an.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …