ETAZINI/ KRIM : YOUN NAN PITIT FI MALCOLM X YO MOURI LAKAY LI NAN NEW YORK

Malikah Shabazz, pitit fi Malcolm X, mouri lakay li nan Brooklyn jounen lendi 22 novanm 2021 an. Se yon pitit fi li ki jwenn li san vi, daprè ABC NEWS.

Youn nan pitit fi Malcolm X yo, Malikah Shabazz ki gen 56 lane sou tèt li fè vwèl pou peyi san chapo. Poko gen twòp enfòmasyon sou kisa ki ta koz lanmò a, men daprè Lapolis pa twò panche sou pis kriminèl la. Toutfwa, gen yon otopsi k ap gen pou konfime sa ki koz li mouri a.

 » M tris pou m aprann nouvèl lanmò Malikah Shabazz. Kè m ale dwat bò kote fanmi li, desandan doktè Betty Shabazz ak Malcolm X. Doktè Shabazz te ansent Malikah ak sè jimèl li a Malaak nan moman frè nou Malcolm X te asasinen », ekri sou twitè Bernice King, pitit fi Martin Luther King jr.

Malcolm X, selèb militan pou koz nwa, te asasinen nan dat 21 fevriye 1965 nan moman li ta pral moute yon tribin nan yon sal espektak « Hallem ».

Asasina lidè nwa a te sekwe peyi Etazini kote te gen yon pakèt tansyon politik ak sosyal nan peyi a nan lane 1960 yo. N ap raple, prezidan ameriken an Fritz Gérald Kennedy te asasinen nan lane 1963 e Martin Luther King li menm, figi makan nan zafè dwa sivik, asasinen nan lane 1968.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …