AYITI/ ENSEKIRITE: PAKÈ OKAY ARETE YON GWO CHÈF GANG NAN VIL LA

Pakè jiridiksyon Okay, nan kad yon operasyon yo mennen nan lannwit 29 pou louvri jounen madi 30 novanm 2021 an, arete chèf gang baz « 102 mafya », Steevenson.

Selon premye enfòmasyon komisè gouvènman jiridiksyon Okay la, mèt Ronald Richemond, ki fè gwo kout filè sa a epi mete lapat sou chèf gang « 102 mafya » Steevenson arete ak plizyè akolit li pami yo Mondesir Donalson, ki se prezime enplike nan lanmò yon endividi deja.

N ap fè remake, chèf pakè Okay la bay randevou nan lè 10 zè jounen madi 30 novanm 2021 an, pou bay plis detay sou operasyon sa a.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …