LEMOND/ESTA: CHANTEZ RIHANNA, EWOYIN NASYONAL NAN PEYI BABAB.

_Gen de (2) evenman ki pase nan peyi Babad dènye jou sa yo. Yo pase de yon rèn ak yon chèf Leta ki se Sandra Mason e yo gen yon ewoyin nasyonal ki se chantez- antreprenè Rihanna._

Alòske peyi Babad pran distans li avèk kouwòn Britanik la kote yo pran endepandans yo, chantez Rihanna, bò kote pa li ki fèt sou zile a vini ewoyin nan peyi li.

Rihanna ki gen pou non konplè Robyn Rihanna Fenty fèt nan peyi Babad. Chantez e antreprenè, Rihanna gen 33 lane sou tèt li. Nan lane 2018 sipèsta babadyèn nan te deja pote tit anbasadris Leta nan peyi li ki te gen pou misyon pou favorize touris, edikasyon ak envetisman.

« Rihanna fè lemonn reve pou kreyativite li, disiplin li ak sans angajman li genyen pou peyi kote li fèt », deklare premye mins peyi Babad la, Mia Mottley.

 

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …