AYITI/POLITIK: APRÈ DE (2) LANE LI FIN PASE NAN PRIZON ANSYEN DEPITE ARNEL BELIZAIRE FÈ PÈP LA GWO PWOMÈS SOU KOZE ENSEKIRITE A.

Touswit aprè liberasyon li ansyen depite Arnel Belizaire ki te nan prizon, deklare mèkredi premye desanm 2021an, li pral batay pou retabli la pè sitou nan katye popilè yo, li di li pral mete linyon nan mitan group gang yo ak sekirite nan peyi a.

Yon lòt kote, ansyen depite a ki pat twò anvi pran la pawòl fè konnen li pral poze Nenel Cassy ki vire do bay batay yo tap mennen an poul al kolabore ak Martelly kesyon, avan li ta pran twò gwo desizyon.

Pou Fini Arnel Belizaire bay pèp la randevou vendredi 3 desanm ki ap vini la tout fwa li poko bay ki kote lap rankontre ak yo, li fè konnen batay la pa chanje, lap kontinye batay toutotan Ayiti pa sòti nan sal ye la.

 

Marie Wanide Nencha Vernois

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …