LEMONN/SIDA : KARANT (40) LANE APRE APARISYON LI TOUJOU POKO GEN YON VAKSEN

_Nan dat 5 jwen 1981 sant ameriken kontwòl ak prevansyon maladi dekouvri yon maladi ra ki atake iminite òganis moun. De (2) lane apre, swa 13 me 1983, revi syantifik pibliye pou premye fwa deskripsyon viris ki responsab Sida a. 40 lane apre aparisyon maladi a, toujou poko gen prezans yon vaksen_ .

Maladi Sida lakoz gen 30 milyon moun ki mouri sou tout planèt la. Toutfwa, dènye tan sa yo, gras ak yon pakèt avanse ki fèt an tèm prevansyon, dyagnostik ak tretman fè de maladi sida yon maladi kwonik yo pran an chaj.

Depi lè chèchè yo dekouvri li nan kòmanse lane 1980 yo jiska jounen jodi a, kote sa fè 40 lane, poko janm gen yon vaksen ki mete sou pye kont maladi sa ki lakoz 33 milyon kretyen vivan fè vwèl pou peyi san chapo nan monn nan, rapòte RFI.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …