LEMOND/ DRAM: POU PI PITI TRÈZ (13) MOUN MOURI AK SENKANT SÈT (57) LÒT BLESE PANDAN ERIPSYON YON VÒLKAN NAN PEYI ENDONEZI

Eripsyon vòlkan « Semeru », nan peyi Endonezi touye pou pi piti trèz (13) moun, selon yon bilan pwovizwa alòske rechèch yo ap kontinye nan lil « Java » vòlkan ki etann li nan onz (11) vilaj.

Peyi Endonezi gen pou pi piti senk san (500) vòlkan ladan yo ven senk(25 %) an aktivite, yon lòt fwa lage dèy lakay pèp endonezyen an. Eripsyon vòlkan « Semeru », ki sitiye nan Lès peyi a lakoz trèz (13) moun mouri, daprè ajans jesyon katastwòf yo. Toujou daprè ajans lan, gen senkant sèt (57) moun blese, ladan yo karanteyen (41) blese grav epi yon pon boule.

N ap fè remake, nan mwa desanm 2020, vòlkan « Semeru » te antre nan eripsyon te boule plizyè kay ak detwi plizyè enfrastrikti wout nan peyi Endonezi.

 

Echo Jounal

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …