AYITI/ZEN: « MADAM SHABBA SURVEILLEZ-VOUS », GRACIA DELVA

_Depi apre anons divòs Shabba, ansyen mizisyen djakout la ak madanm li Diane Claude Anténor, gen yon bal zenglen te jwe nan lane 1998-1999 nan djamboula kote Gracia Delva, chantè zenglen nan epòk sa tap di : » madan Shabba, Surveillez-vous » ki retounen ap fè anpil tole sou entenèt la. Apre tout lane sa, jounen dimanch lan, Gracia Delva, nan yon bal li tap jwe Sendomeng te retounen ak dosye « madan Shabba » a nan lide pou te fawouche Shabba._

« Madan Shabba, surveillez-vous. M te di w pa t vle tande. Shabba se moun pa m ou ye. Si w te konn Schneider byen ou pa tap pran nan bagay sa », deklare Gracia Delva, a.k.a ti bat kò pandan li sou sèn nan ap chante.

Atis la, pi lwen, lonje dwèt li sou yon ekip atis nan konpa ki rele tèt yo pwofèt. » Banm fo pwofèt. Se mwen ki pwofèt la. Madan Shabba, surveillez-vous ».

N ap raple, touswuit Shabba ki gen pou bon non Hervé Anténor fin soti nòt pou anonse divòs li, madanm li, Diane Claude Anténor, pa t pran lontan pou te afiche nouvo mennaj li sou kont enstagram li.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

QUAVO BRISE LE SILENCE APRÈS LA MORT AU DÉCOLLAGE : “JE NE TE QUITTERAI JAMAIS”

Pour la première fois depuis la mort du rappeur Takeoff, Quavo s’est adressé publiquement à …