AYITI/ENSEKIRITE: POU PITI YON MOUN MOURI AK PLIZYÈ LÒT BLESE NAN YON TI BIS KI TA PRALE JAKMÈL

Rantre sid kapital la, nan nivo Matisan toujou kontinye ap mete latristès nan kè pèp ayisyen an. Pou piti yon moun mouri ak plizyè lòt blese nan yon ti bis trajè Jakmèl- Pòtoprens ki pran bal Matisan jounen lendi 6 desanm 2021 an nan maten.

Depi granm maten, gen anpil tansyon nan rantre Sid Kapital la, nan Matisan, Bitsantnè ak Pòtay Leyogàn kote gen anpil tire jiska kote tèks sa ap ekri a (10è 20).

Gen yon ti bis ki fè trajè Jakmèl-Pòtoprens ki pran bal nan Matisan pandan l t ap eseye travèse rantre Sid Pòtoprens la. Pou piti yon moun mouri ak plizyè lòt blese se bilan zak deblozay ki pase nan ti bis la.

N ap raple, nan dat ki te samdi 4 desanm 2021 an gen yon ti élèv lekòl 7 lane ki te pran bal nan Matisan e ki rive pèdi lavi li nan lopital.

Bò kote pa li, chèf Lapolis Nasyonal Dayiti a, Frantz Elbe, plis nan mete sou pye plan sekirite « retour à la plage » nan nò peyi a olye li kwape fenomèm ensekirite k ap taye banda nan Matisan an.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …