AYITI/VIZIT: NOUVO DG SONAPI A FÈ YON KOUT PYE AK EKIP LI NAN PLIZYÈ ESPAS NAN SONAPI APRE KAT JOU LI FIN ENSTALE.

Nouveau DG SONAPI, Petriks JUSTIN ki te gen ak li Mario Marcelin epi kèt nan manb kabinè li fè yon kout pye nan diferan espas nan SONAPI jounen lendi 6 desanm 2021 an.

Nan kout pye sila, nouvo dg a vizite espas ki loje ajan sekirite yo, lapolis, aneks ofatma ki nan espas la pou bay swen sante ak anplwaye yo, li vizite espas ki femen depi plizyè lane yo kote li pwomèt li pral reyamenaje espas sa yo pou kreye plizyè milye anplwa.

Pilwen, li vizite zòn restorasyon ak machann yo tabli pou moun kap travay yo vin manje, fè mache,.. DG a te tou pwofite fè yon ti bat bouch ak responsab inite BIM epi responsab chak sevis nan enstitisyon an.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …