AYITI/ASASINAY : PÒT PAWÒL PATI POLITIK ALYANS DEMOKRATIK KONT TRANZISYON AN AYITI (ADEKTRA) KONTINYE MANDE JISTIS POU PREZIDAN JOVENEL MOÏSE.

7 jiyè 2021, 7 desanm 2021 sa fè egzateman 5 mwa depi yon gwoup mèsenè Ayisyen kou etranje te vin ansasinen prezidan an lakay li, nan objektif sa pòt pawòl ADEKTRA a Mackenson CANGÉ te fè yon virewon nan depatman nò peyi a poul te patisipe nan gwo manifestasyon ki te fèt nan depatman an nan lide pou mande jistis pou Ansyen chèf leta a Jovenel Moïse.

Mackenson CANGÉ nan diskou li a li di li rete konfyan prezidan Jovenel Moïse ap jwenn jistis, lidè politik la ale pilwen poul di li prè poul bay tout li menm fòk limyè fèt nan dosye lanmò prezidan an.

Responsab la tou pwofite denonse kominote entènasyonal la atravè kò gwoup ki kontinye mare sosis li ak gouvènman defakto Ariel HENRY a, malgre tout deriv yo fè kote non chèf gouvènman an nan rapò ankèt DCPJ nan dosye asasinay yon prezidan, alòske peyi sa yo ki konpoze kò gwoup yo toujou di yap konbat enpinite poutan se yo kap bay enpinite jarèt nan peyi Ayiti.

 

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …