LEMOND/ POLITIK: YON NOUVO CHANSELYE ELI NAN PEYI ALMAY

Ansyen minis finans Olaf Scholz eli jounen mèkredi uit (8) desanm 2021 an, kòm nouvo chanselye epi li ranplase ansyèn chanselye Angela Merkel.

Depite alman yo eli chanselye demokrat Olaf Scholz 65 lane, kòm nouvo chanselye peyi Almay. Selon vòt yo, 395 sou 736 depite nan « Bundestag », nan eskriten 26 septanm. 303 vote kont ak 6 fè abstansyon , ki pèmèt Olaf Scholz vini nevyèm chanselye peyi Almay.

Nan yon ti bout deklarasyon nouvo chanselye a, Olaf Scholz, pwomèt premye travay gouvènman l lan ap gen pou fè se travay epi fè vaksinen tout peyi Almay kont maladi kowonaviris la.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …