AYITI/MOBILIZASYON : PLIZYÈ DIZÈN MOUN TE NAN NAN LARI POU MANIFESTE KONT GOUVÈNMAN ARIEL LA.

Plizyè òganizasyon sosyo politik tankou MOLEGAF, asosiyason sendikal transpò yo ak plizyè moun nan sosyete sivil la te foule beton an jounen vandredi 10 desanm 2021 an, nan lide pou denonse gouvènman defakto Ariel la akoz gaz la yo moute a.

Kèk militan ki tap patisipe nan manifestasyon sa kalifye Ariel Henry a kòm yon kriminèl notwa paske li pran desizyon, li moute pri gaz la ki se yon pwodwi transvèsal ki lakoz tout pwodwi premye nesesite yo pral moute tèt nèg nan kò malere ak malerèz.

Nap raplew, ansyen prezidan Jovenel Moïse te anonse lap mete 15 a 20 goud sou gaz la nan lane 2018 tout peyi te leve kanpe boule kraze anpil bagay nan peyi a, poutan gouvènman defakto Ariel la mete plis ke 150 goud sou dizèl, plis ke 150 goud sou kewozèn lan, plis ke 49 goud sou gazolin lan sa pa fè majorite popilasyon ni cho ni frèt.

 

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …