AYITI/ASASINA: CLAUDE JOSEPH FÈ YON GWO DEKLARASYON ANVAN LI PREZANTE DEVAN JIJ GARY ORELIEN

Ansyen premye minis pou yon ti bout tan sou administrasyon Jovenel Moïse la, Claude Joseph, ki gen pou reponn kesyon jij enstriktè Gary Orelien jounen madi 14 desanm nan, fè konnen asasen Jovenel Moïse yo pa ka ni entimide l, ni fè l kouri.

« Asasen Jovenel Moïse yo pa ka ni entimide m, ni fè m kouri », ekri Claude Joseph, ansyen minis zafè etranje ki, an menm tan pwofite fè konnen li pral reponn kesyon enstriksyon an nan kad dosye asasina Jovenel Moïse la. »Se yon pwosedi nòmal piske se mwen ki te premye minis e chanselye », ajoute doktè Claude Joseph.

N ap raple nan kad ankèt lajistis ap mennen sou asasina ansyen chèf Leta Jovenel Moïse, gen yon pakèt moun otorite yo ap chache yo poko janm ka jwenn, pami yo : ansyen senatè Lwès John Joël Joseph, Joseph Badio Félix ak jij Wendelle Coq Thelot.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …