AYITI/LOTRI: ASANBLE ANPLWAYE LOTRI LETA AYISYEN VOYE YON GWO KOUT CHAPO BAY KONSÈY DIREKSYON LOTRI LETA AYISYEN AK DIREKTÈ A

_Asanble anplwaye lotri Leta ayisyen an, nan yon nòt yo mete deyò ki pote siyati Jean Hervé Eliscar, voye yon gwo kout chapo bay konsèy direksyon lotri Leta ayisyen an e bay direktè jeneral la, mesye Martino Valcourt nan sousi pou l regle pi rapid posib misyon li genyen pou l regile jwèt aza nan peyi ak deziderata anplwaye enstitisyon an_ .

« Demach yo pèmèt yo peye tout areye salè ansyen direktris jeneral la, demisyone depi 20 avril, daprè li menm pou konvnans pèsonèl ak efè imedya te kite », ekri nan nòt la.

Asanble anplwaye lotri Leta ayisyen yo swete direktè deziye a ak konsèy direksyon kontinye nan menm lanse a pou yo kapab retire tout ansyen dèt ansyen direktris la te kite a ak tou pou yo kapab bay popilasyon an bourad.

Boutofen, anplwaye lotri Leta ayisyen raple ak tout moun lotri Leta ayisyen gen kapasite pou pote plis pase 6 milya goud chak lane nan bidjè nasyonal la.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …