AYITI/PNH: LEKÒL NASYONAL POLIS LA GRADYE 600 POLISYE PAMI YO 132 FANM

Lekòl nasyonal polis (ENP) gradye 631 polisye, pami yo 132 fanm jounen vandredi 17 desanm 2021 an kote premye minis defakto a, Ariel Henry, nan okazyon an te pran lapawòl.

Efektif Lapolis Nasyonal Dayiti ranfòse. Daprè laprimati, gen 600 polisye ki sot gradye ki fè pati 31 pwomosyon Lapolis Nasyonal Dayiti a.

Nan okazyon seremoni gradyasyon an, premye minis defakto a Ariel Henry fè konnen fè konnen a nouvo polisye yo « bandi ak zam, teyoris ap defye otorite Leta anpeche byen ak moun sikile jan yo vle. » » Sityasyon sa pa ka dire pi lontan, nou dwe konbat li. Se sa dwe fè. Nou pa gen okenn tan gras », daprè Ariel Henry.

Depi lè Ariel Henry pran tèt CSPN nan, Lapolis Nasyonal Dayiti poko janm mennen yon operasyon nan rantre Sid Kapital la alòske nèg ak zam toujou ap feraye.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …