LEMONN/MIZIK: ALESH RANPÒTE PRI RFI DEKOUVÈT 2021 AN

_Alesh ki gen pou bon non l Alain Chirwisa loreya nan pri RFI dekouvèt 2021 an. Atis angaje, manm jiri konkou a chwazi rapè kongolè a devan nèf lòt konkiran yo._

Gras ak gran frè l Patrick, Alesh repite kòm yon rapè ki ap benyen nan mizik depi lè l te tikatkat kote yo te konn tande yon pakèt gwo atis tankou : Michael Jackson, Mc Solaar ak yon pakèt lòt.

Rap pou li se yon mannyè pou l dekri sa l santi, sa l viv ak sa l ta swete. Li fè premye eksperyans li ak mikwo pandan l te 15 lane. An fevriye 2008, li patisipe nan atelye ki te fokalie sou sinema ak imaj avèk yon reyalizatè kongolè ki pote non Petna Ndaliko.

Nan mwa dawout 2010, li soti premye albòm li ki gen pou tit « la mort dans l’âme » e de lane apre, swa an 2012 li ta pral fè yon toune ameriken.

Nan lane 2014, li te rankontre ak Barack Obama kote li te bay prezidan ameriken an yon kopi premye albòm li a, rapòte RFI.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …