AFGHANISTAN/FANM: TALIBAN YO PA VLE FANM VWAYAJE POU KONT YO

_Taliban yo anonse dimanch 26 desanm 2021 fanm ki gen entansyon fè vwayaj long distans dwe gen yon gason nan fanmi pwòch li ki akonpanye l._

Taliban yo pa vle fanm yo lib. Nan yon rekòmandasyon ministè pwomosyon vèti ak prevansyon vis k ap sikile sou rezo sosyal yo, otorite Taliban yo mande pou chofè transpò piblik yo pa pote okenn fanm ki pa pote « vwal islamik » la.

« Fanm k ap vwayaje plis pase 45 kilomèt p ap ka fè trajè a si yo pa gen yon gason nan fanmi pwòch yo ki akonpanye yo », deklare nan AFP pòt pawòl ministè a, Sadeq Akif Muhajir ki presize se yon gason menm ki dwe akonpanye fanm nan.

Depi lè Taliban yo pran pouvwa a nan mwa dawout la, yo enpoze yon pakèt restriksyon ak fanm ak tifi malgre yo te pwomèt nouvo rejim yo p ap twò estrik ak fanm kontreman ak jan yo lè yo t ap dirije nan lane 1996-2001.

Nan premye rèy yo, Taliban yo te entèdi pou fanm al travay e okenn fanm tou pa t dwe kite kay san pa gen yon gason ki akonpanye yo, rapòte RFI.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …