LEMONN/RELIJYON: YON RAPÈ AMERIKEN KREYE PWOP BIB LI KI DIFERAN AK SENT BIB LA

Kanye West se non rapè ameriken sa ki pa sispann epate moun, fwa sa se pa sit entènèt ,se pa yon mak tenis, men se pwòp bib pal li kreye.

Bib kanye west la ki gen pou non « the book of yeezus » pa gen non Bondye ekri ladanl men se pito non kanye West.

Si nan premye vèsè bib kretyen yo di »nan kòmansman Bondye kreye syèl la ak tè a »ebyen nan bib pa kanye West la se « nan kòmansman kanye kreye syèl la ak tè a ».

Pou Kayne li chwazi ranplase non Bondye pa non pal, yon manyè pou pèmèt fanatik li yo entèrese ak relijyon epi ak paradi a.

Si bib kretyen yo di »nou pa dwe ni mete,ni retire anyen nan sa ki ekri nan bib la »kretyen yo poze tèt yo kesyon,eske se yon bon chwa rapè a ameriken an fè ?

 

Marie Wanide Nencha Vernois

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …