AKÒ 11 SEPTANM 2021 AN, YON AKÒ KI METE PÈP AYISYEN AJENOU SOU GRAJ NAN YON SOLÈY CHO AK YON BLÒK SOU TÈT YO.

Apre twa (3) mwa ak kèk jou premye minis defakto Ariel Henry te chita ansanm ak plizyè sektè nan vi nasyonal lan pou te siyen yon akò ki te gen plizyè misyon ladann tankou rezoud pwoblèm ensekirite a, lavi chè, kreye yon gouvènman tout moun ladann, fè eleksyon pou site sa yo, pinisyon an vin pi di pou pèp lan.

Olye pou akò a ede pèp la se kondane li kondane li pi rèd, malgre chanjman nan tèt polis la, minis jistis chanje, komisè gouvènman chanje poun site sa yo, se kounye pitit pèp la ap tonbe anba bal, pandan nèg akò yo ap bat lestomak di yo (5-0), 24 desanm jou fèt nwèl menm nan peyi ki an gè, yo poze zam pou jou sa, bandi san fwa ni lwa nan tèt kole ak gouvènman defakto a ouvè katouch sou yon ekip kretyen vivan podjab ki ta pral chache lavi. Apre akò a, doktè kap bay lavi tonbe anba bal, sendikalis tonbe, polisye tonbe, menm moun ki te siyen akò malatchong nan pa epanye anba bal sa yo ak kidnapin.

Malgre tout krim sa yo, popilasyon an ki pa ka moute ni desann, akò 11 septanm nan moute gaz la ankò li double e menm prèske triple pri yon galon gaz, gaz ti peyizan yo ap itilize pa epanye.

Gras ak akò a, bidjè ministè jistis, edikasyon ak sante redui pou ogmante bidjè ministè kominikasyon pou fè pwopagann nan twouble pèp la pou yo pa konprann plan dyabolik yo ak palè nasyonal ki pa menm gen prezidan depi 7 jiyè 2021 akoz bandi blan melanje ak nwa te masakre li lakay li nan Peleren. Nap raple kote bidjè yo ogmante yo se mouche Ariel kap dirije yo.

Sèl byen akò sa fè, li pèmèt nou wè vrè vizaj yon seri moun ki te di yap defann pèp, yap goumen pou pèp men ki pèp wi? Antouka jodi a se yo kap koupe rache ak mouche Ariel nan tè peyi a.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …