YON JENN FANM ANTREPRENÈ MOURI ANBA BAL NAN KOMIN PETYONVIL

Ensekirite a kontinye ap simen dèy nan mitan popilasyon ayisyen nan. Lisa Gouf, jenn antreprenè, mouri anba bal moun yo pa rive idantifye mèkredi 29 desanm 2021 nan Jivena, komin Petyonvil.

Nèg ak zam bay antreprenè 36 lane yon bal nan kou pandan l te nan boutik li. Li rann dènye souf li pandan yo t ap kouri lopital kanapevè ak li.

Lisa Gouf ki gen pou bon l Lisette Gouf t ap sibi menas lanmò nan boutik li a daprè sa l te fè konnen nan dat 25 septanm pase a. « Se pou sa m te oblije poze m sou fesbouk. M te jwenn menas lanmò nan biznis mwen ».

Dram sa pa kite Blondedy Ferdinand san reyaksyon, dotan plis daprè enfòmasyon yo Lisa Gouf se ton zanmi pwòch li. » Lisa Gouf baby di m se pa vre non. M ap mouri Lisa », ekri chantez la.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …