AYITI/KOMINIKASYON: KONPAYI  » DIGICEL » BAY KLIYAN LI YO YON KADO PWAZONONEN POU ANE 2022 A

Konpayi telefòn Digicel anonse nan yon kominike pri plan li yo pral ogmante apati jounen samdi premye janvye 2022 a akoz pri gaz la ki moute sou mache a.

Pri plan Digicel yo ap vin pi chè kontrèman ak jan sa te ye anvan. Dezisyon sa ap pran akoz pri gaz la ki ogmante sou mache, presize kominike a.

« Chanjman sa yo ap fèt pandan n ap bay plis minit ak megabay sou ansanm plan yo e chanjman sa yo p ap fèt yon sèl kou », kontinye kominike a.

N ap raple, nan dat 18 oktòb 2021 konpayi telefòn Digicel te chwazi moute pri retrè sou sèvis Mon Cash la sa te leve plim sou do anpil moun nan popilasyon an.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …