LEMOND/ AKSIDAN : SENK (5) MOUN MOURI AK 21 LÒT BLESE NAN PEYI LARISI

Yon aksidan ki fèt maten dimanch 2 janvye 2022 a, lakoz 5 moun mouri ak 21 lòt blese. Selon, enfòmasyon otorite nan Lapolis Ris yo kominike.

Aksidan sa fèt nan moman yon bis ki te pote 49 moun t ap kite Kapital peyi a Moskou pou rann li nan vil « Astrakan » ki nan Sid peyi Larisi, pèdi wout li te al frape nan pye yon pon ki nan wout la, selon responsab enfòmasyon responsab polis yo bay sou aksidan sa. Chofè machin lan ki mouri nan aksidan an te ap dòmi sou volan, daprè sa ministè enteryè Larisi ekri sou sit entènèt yo.

N ap fè remake, aksidan pa sispann fèt sou wout peyi Larisi yo akoz chofè yo vyole anpil règ pou moun kondui nan peyi Larisi. N ap siyale, nan mwa desanm 2019 yon aksidan ki te fèt lakoz 19 moun te mouri ak 21 lòt te blese nan rejyon  » Zabaïkalsk.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …