AYITI/POLITIK: BIWO SENA REPIBLIK LA FIKSE POZISYON LI SOU MANDA SENATÈ YO

Biwo sena a, nan yon nòt pou laprès jounen 5 janvye 2021 an, fè konnen li denonse avèk tout fòs li mannèv divèsyon ak entimidasyon yon laboratwa ap fè nan sousi pou yo kapab nonsèlman manipile sèvo pèp la e voye sena a ale dezyèm lendi mwa janvye.

« Biwo sena mande popilasyon an pou yo pa pran nan pyèj apranti diktatè yo ki vle, pa tout mwayen posib, elimine tout moun pèp ayisyen an te bay pouvwa pou te reprezante l nan egzèsis souverènte li daprè atik 58 konstistisyon an », ekri biwo sena a nan yon nòt ki pote siyati senatè Sidès la, Joseph Lambert.

« Yo vle mete sou pye yon rejim gwo ponyèt kote tout pouvwa yo ap konsantre nan men yon sèl moun ki, li menm, pa gen okenn lejitimite konstitisyonèl ak demokratik », esplike biwo sena a ki, pi lwen, mande senatè yo pou yo pa kite yo entimide ak kanpay entoksikasyon sa yo e pou yo kontinye defann enstitisyon senatoryal la, demokrasi a ak pèp ayisyen an.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …