AYITI/ASASINA: OTORITE NAN PEYI JAMAYIK ARETE JOHN JOËL JOSEPH AK YON PAKÈT DOKIMAN

Youn nan sispè asasina Jovenel Moïse la, John Joël Joseph, jwenn arestayon l nan peyi Jamayik. Daprè otorite peyi Jamayik, John Joël Joseph te gen yon pakèt dokiman nan men l nan moman yo te mete l anba kòd la.

Ansyen senatè depatman Lwès la, John Joël Joseph, jwenn arestayon l nan kad ankèt k ap mennen sou dosye asasina ansyen chèf Leta Jovenel Moïse.

Otorite yo jwenn John Joël Joseph ak divès dokiman. Li te depanse 12 000$ ameriken pou l te rann li nan peyi Jamayik pa bato nan mwa desanm pase a.

Ansyen senatè a te ofri 2$ milyon dola ak fòs lòd yo pou yo te ka pa kite yo voye l an Ayiti pou yo pa touye l, rapòte Jamaica Observer, yon jounal nan peyi Jamayik.

Lapolis Nasyonal Dayiti ak Lajistis ayisyen toujou ap chache plizyè moun ki gen non yo site nan dosye asasina Jovenel Moïse. Joseph Badio Félix se youn nan yo.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …