AYITI/POLITIK : ANN FÈ YON KOUDÈY SOU KIYÈS KI EDGAR LEBLANC FILS

Edgar Leblanc Fils, youn nan kandida pou pòs prezidan pwovizwa peyi Dayiti pou transizyon an, te ale depoze pyès li nan konsèy nasyonal tranzisyon an lendi 17 janvye 2022. Nan sans sa, nan sousi pou enfòme lektè li yo, redaksyon echo Jounal ap fè yon koudèy sou kiyès ki Edgar Leblanc Fils la.

Edgar Leblanc Fils fèt nan lane 1955 nan depatman Grandans pi presi awondisman Nip,  patiklyèman nan Miragwàn. Soti 1986 pou bout 1990, li patisipe aktivman nan batay ki t ap fèt pou demokrasi te boujonnen nan peyi Dayiti. Nan lane 1991, li vin kofondatè pati politik òganizsyon pèp an lit (OPL).

Edgar Leblanc Fils te jwenn arestayon li epi ale nan prizon nan mwa dawout 1994. Nan eleksyon 1995 yo, li te vin senatè repiblik, reprezantan depatman Grandans. Nan lane 1995 pou rive 2000, dirijan OPL la te prezidan Sena a ak asanble nasyonal.

Ansyen senatè a, depi apre lanmò Gérard Pierre-Charles, vini kòdonatè jeneral OPL. Li se te tou, depi nan lane 2009, youn nan prensipal fondatè kowalisyon politik Altènativ Pratriyotik pou pwogrè ak demokrasi.

Fòmasyon nan enjenyè e diplome nan admistrasyon sivil, Edgar Leblanc Fils mennen yon karye nan transpò nan MTPTC. Soti 1982 pou bout 1984, manm direktwa OPL la, Edgar Leblanc Fils, swiv kou nan ekonomi e jesyon transpò nan « Academy of advanced Traffic » nan peyi Etazini patiklyèman nan New York ak « El Instituto de Transporte de Queretaro au Mexique » nan lane 1990.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …