AYITI/POLITIK :PATI POLITIK UNIR LANSE APÈL DYALÒG POU KAPAB GEN YON KONPWOMI GLOBAL ANT TOUT AKTÈ YO

Nan yon konferans pou laprès jounen mèkredi 26 janvye 2022 a, pati politik UNIR ki gen nan tèt li Clarens Renois, lanse apèl dyalòg pou kapab jwenn yon konpwomi global ant tout aktè yo nan sousi pou evite yon katchouboumbe ki ka rive nan peyi a nenpòt kilè.

Lidè nasyonal inyon nasyonal pou entègrite ak rekonsilasyon (UNIR), mesye Clarens Renois pa retwouve l nan demach akò politik kap fèt la yo. » Nou konstate yon seri òganizasyon politik, soyete sivil anndan kou deyò peyi a ap pran inisyativ pou nonmen yon prezidan repiblik », deklare ansyen jounalis la ki, pi lwen, fè konnen demach sa pa chemen demokrasi.

« Tout inisyativ sa yo nou panse kapab mennen peyi a nan yon avanti ki gen yon pakèt konsekans pèsòn pa ka mezire. Fas ak sityasyon sa, inyon nasyonal pou entègrite ak rekonsilasyon di l ap lanse yon apèl pou gen yon dyalòg serye, sensè ak enklizif pou yon konpwomi global ak diferan aktè yo », enfòme lidè pati politik Unir la.

 

Yon lòt kote, Clarens Renois mande pou gen dispozisyon ki pran pi rapid posib pou mete sekirite nan peyi a pou moun kapab sikile kòmsadwa. » Li pa nòmal apre plis pase 6 mwa moun bandi mete deyò lakay yo nan Matisan pa ka retounen e yo oblije ap viv anba tant. Li pa nòmal pou gen yon seri katye ak komin nan peyi pou se bandi k ap kontwole yo. Li pa nòmal popilasyon depatman Sid la bloke e li abandone », deklare ansyen kandida pou pòs prezidan an.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …