AYITI/JISTIS: OPC KONDANE ATAK AME KI FÈT ALAFWA SOU KOMISARYA BON REPO A AK SOU LOKAL RADYO ZENIT

Ofis pwoteksyon sitwayen ki gen sig li an fransè (OPC), nan yon nòt pou laprès, kondane doub atak ki fèt lannuit 30 pou rive 31 janvye 2022 sou komisarya Bon Repo ak sou lokal radyo Zenit.

Ofis pwoteksyon sitwayen fè konnen « li konstate avèk anpil prewokipasyon e anpil enkyetid polisye yo ak travayè laprès yo depi kòmansman lane 2022 a vini sib nèg ak zam ki ap opere san fwa ni lwa nan peyi a san otorite yo pa fè anyen ».

Enstitisyon Nasyonal Endepandan nan zafè dwa moun nan, OPC, raple se Leta ki gen responsabilite pou pwoteje lavi ak byen.  » Polisye yo dwe pwoteje nan egzèsis fonksyon yo e obligasyon sa se konsèy siperyè polis nasyonal (CSPN) ak pouvwa santral ki genyen l », raple nòt pou laprès la ki, pi douvan, mande otorite konsène yo pou yo mete yon ankèt sou pye apre atak kriminèl sa pou kapab idantifye otè yo epi pini jan lalwa mande sa.

Nèg ak zam atake nan lannuit 30 pou rive 31 janvye 2022 komisarya Bon Repo. Pandan atak sa, gen yon polisye ki mouri ak yon lòt ki blese. Enfòmasyon yo rapòte, nèg ak zam, nan menm sware a atake lokal estasyon radyo Zenit.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …