AYITI /POLITIK :AKTÈ POLITIK AK ENSTITISYON BAY DIZON YO SOU DAT 7 FEVRIYE 2022 KI AP VINI LA

Sèt (7) fevriye 2022 ap rive sou peyi Dayiti nan kèk jou ankò. Daprè anpil moun, piske se Jovenel Moïse ki te nonmen Ariel Henry kòm premye minis peyi a donk manda gouvènman li an ta dwe rive nan bout li nan dat 7 fevriye 2022 a. Yon lòt kote, gen moun ki fè kwè se doktè Ariel Henry ki ap gen pou òganize eleksyon yo nan peyi a.

Ti rès Sena a ki gen kòm prezidan Joseph Lambert fè konnen apre 7 fevriye 2022 gouvènman Ariel Henry a se zafè kouran li ap gen pou li likide.

Ofis pwoteksyon sitwayen, bò kote pa li, nan yon nòt li te fè soti te fè konnen manda gouvènman defakto Ariel Henry ap rive nan bout li 7 fevriye 2022.

Sepandan, pou lidè pati politik Planspa a, Dieudonné Lherisson, se dyalòg ak wout eleksyon pou aktè politik yo chache.

Annatandan dat 7 fevriye 2022 a rive, nou ap raple, doktè Ariel Henry ak kèk akolit li yo te siyen yon akò politik 11 septanm pou yon gouvènman apezman epi goumen kont ensekirite a. Jiskaprezan, fenomèm kidnapin ak ensekirite a poko janm sispann mete dlo nan je pèp ayisyen an.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …