AYITI/ JISTIS: YON LÒT JIJ DEZINYE POU MENNEN ANKÈT SOU ASASINAY DEFEN JOVENEL MOÏSE

Aprè jij enstriktè Gary Orelien, te restitiye ankèt dosye asasinay defen prezidan Jovenel Moïse la ak dwayen Tribinal premye enstans lan mèt Bernard Senvil.

Dwayen Tribnal Premye Enstans Pòtoprens lan, Bernard Saint Vil, dezinye jij Chavanes Etienne pou kapab kontinye ak enstriksyon asasinay defen prezidan Jovenel Moïse ki te asasinen lakay li nan Pèleren 5, 7 jiyè 2021 an, nan komin Petyon Vil.

N ap siyale, jij enstriktè Gary Orelien, ki te sou dosye pat rive regle twòp gran choz men te pito ap fè machanday ak dosye a resevwa gwo lajan, daprè òganizasyon Rezo Nasyonal ki ap Defann Dwa Moun (RNDDH). N ap raple, kèk sitwayen ki fè bat bouch sou dosye a krent epi poze kesyon èske se pa yon mwayen pou rann yon lòt jij rich nan dosye sa a?

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …