AYITI/POLITIK: SEKTÈ KI POTE NON SEKTÈ DEMOKRATIK AK POPILÈ AN ANONSE LI PRAL PALE AK NASYON AN JOUNEN 7 FEVRIYE AN

Nan yon twit pòt pawòl sektè ki pote non sektè demokratik ak popilè an, Mèt André Michel fè konnen SDP ap gen pou li pale ak nasyon an jounen lendi 7 fevriye 2022 an sou konjonkti peyi an

Selon sak ekri nan twit la, SDP fè konnen adrès ak nasyon an ap fèt nan lokal yo ki nan Delmas 75, yap gen pou pale sou manda tyè sena, Akò 11 septanm lan, fòmasyon sou konsèy elektoral la, sekirite peyi an ak lajan petwo karibe an.

Nap raplew se pa SDP sèlman kap gen pou pale ak nasyon an, gen plizyè twit ki fèt sou sa tankou Premye minis defakto a Ariel Henry ak biwo kominikasyon ti rès sena ki twite yap gen pou adrese ak nasyon an.

 

Jocelyn Couyoute

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …